Accessibility links

Breaking News

'Angajman nou Se Vizavi Pèp Emisfè a' Nichols di VOA


Brian Nichols Thumbnail
Brian Nichols Thumbnail

Nan yon entèvyou ak VOA Espayol, Brian Nichols, Sekretè d'Eta Adjwen pou zafè emisfè oksidantal yo di obligazyon Etazini genyen an premye se vizavi pep emisfè a.

"Angajman nou se vizavi pep yo an premye e nou konstrantre sou trava ypou ba yo pi bon opsyon ekonomik. Nap konsantre sou kijan nou ka apiye bon jan politik piblik nan peyi sa yo," Nichols di VOA.

Somè Dèz Amerik la louvri Mèkredi 8 Jyen nan vil Los Angeles. Depi lendi 6 Jyen gen fowom alternatif ke sosyete sivil la oganize kap dewoule.

Nichols pale de absans kèk lidè tankou Andrés Manuel López Obrador, prezidan Méksik; Xiomara Castro prezidan Honduras; ak Alejandro Giammattei, prezidan Guatemala. Lidè sa yo deside pa asiste somè an solidarite ak peyi ki pa resevwa envitasyon - a savwa Venezyela, Nicaragua ak Kiba.

" Mwen kwe ke nou gen diferans d'opinyon, e diferans sa yo baze sou apiye pou rèv peyi sa yo genyen e mwen kwè ke jefo nap fè pou'n apiye peyi sa yo ap trèz enpotan," Nichols di VOA.

Dapre Lila Abed, yon analis entènasyonal kap travay pou Wilson Center, absans peyi sa yo nan somè a takapab jete yon lonbraj sou ako Washington ap pousuiv yo. Abed di somè a gen gwo valè an tèm de defans demokrasi sou kontinan an e an patikilye Ameriken ap voye yon mesaj bay Amerik Latin nan fas ak jefo La Risi ak La Chin ap fè pou ogmante enfliyans yo nan rejyon an.

Migran ki soti nan Amerik Santral la ak Venezyela pou pi fo mache sou otowout Huehutan nan nan eta Chiapas, Meksik, bone Madi 7 Jyen 2022.
Migran ki soti nan Amerik Santral la ak Venezyela pou pi fo mache sou otowout Huehutan nan nan eta Chiapas, Meksik, bone Madi 7 Jyen 2022.

Sou kestyon migrasyon an, Etazini fè konnen lap chache yon ako rejyonal ki takapab debouche sou yon deklarasyon ofisyèl nan Los Angeles. Nichols pa ba nou okenn detay sou posibilite pou Kanada ak Espay ta dako pou resevwa migran lakay yo.

"Sel bagay map di se ke gen konvèsasyon kap fèt ak divès gouvènman nan rejyon an," Nichols deklare.

Prezidan Joe Biden rive Los Angeles e li va prezide ouvèti Some Dez Amerik la apremidia. Li pral pwononse yon diskou nan okazyon sa a.

Korespondan VOA Espayol nan Lamezonblanch Jorge Agobian kontribye a repotaj sa a

*VOA Kreyol va difize diskou a an direk sou paj web nou, Facebook ak YouTube ak tradiksyon Kreyol.

XS
SM
MD
LG