Accessibility links

Breaking News

Ekskli nan 'Somè Amerik yo', Prezidan Venezyelyen an Vizite La Tiki


VENEZUELA-TURKEY/
VENEZUELA-TURKEY/

Prezidan venezuelyen an, Nicolas Maduro, ale nan peyi Tiki ayè Madi pou yon vizit ofisyèl, nan moman "Somè Amerik yo" ap dewoule Ozetazini, kote Washington deside pa t envite l.

Chèf leta a te ekri sou Twitter"Mwen trè kontan kòmanse vwayaj entènasyonal sa a sou tè Tik la", "Mwen sèten ke nou pral konsolide lyen yo nan inyon ak koperasyon ant 2 pèp nou yo".

Televizyon nasyonal Venezyelyen an VTV te difize imaj chèf leta kote reprezantan gouvènman Tik la tap akeyi l nan ayewopò Ankara.

Vizit sa a nan Latiki rive nan moman kote Somè peyi Amerik yo ap dewoule Ozetazini nan Los Angeles. Etazini pat chwazi envite Venezyela, Kiba ak Nikaragwa, ke Washington dekri kòm peyi ki pa demokratik.

Kòmansman vizit Maduro nan Latiki rive kèk èdtan apre Minis Zafè Etranje Ris la, Sergei Lavrov, te debake Ankara pou l te diskite sou etablisman yon koridò sou lanmè pou fasilite ekspòtasyon ble, ki bloke sou pò yo akòz lagè ki gen nan Ikrèn nan.

Li pa klè si prezidan venezuelyen an pral rankontre minis Ris la paske Moskou se yon lòt alye peyi Amerik di Sid la.

Nicolas Maduro rankontre ak Prezidan Tik la Recep Tayyip Erdogan, jodi Mèkredi a.

"2 lidè yo diskite sou pwoblèm rejyonal ak mondyal," prezidans lan te di nan yon deklarasyon, "tout aspè" nan relasyon bilateral ant 2 peyi yo (te diskite). "

Latiki se youn nan prensipal alye komèsyal peyi Venezyela ki, sijè a sanksyon entènasyonal ke Etazini enpoze sou yo. Venezyela te ranfòse tou lyen li ak Lachin, Iran ak Larisi.

Nan mwa avril, Minis Zafè Etranje Tik la, Mevlut Cavusoglu, te vwayaje nan Caracas pou l siyen akò koperasyon. Li te anonse entansyon Latiki pou l triple envestisman nan Venezyela a $1.5 milya.

XS
SM
MD
LG