Accessibility links

Breaking News

Migrasyon Okipe yon Plas Santral nan Moman Biden Pare pou'l Louvri Somè Dèz Amerik la

Migran ki soti nan Amerik Santral la ak Venezyela pou pi fo mache sou otowout Huehutan nan nan eta Chiapas, Meksik, bone Madi 7 Jyen 2022.

Migrasyon okipe yon plas santral nan somè ki rasanble lidè emisfè Oksidantal yo nan Los Angeles.

Lidè yo sipoze mete yo dakò sou yon apèl pou pase a l'aksyon ke patizan yo espere pral gide peyi kap resevwa lakay yo, migran kap kouri pou vyolans, pèsekisyon e kap chache stabilite ekonomik.

Migran ki soti nan Amerik Santral la ak Venezyela pou pi fo mache sou otowout Huehutan nan nan eta Chiapas, Meksik, bone Madi 7 Jyen 2022.
Migran ki soti nan Amerik Santral la ak Venezyela pou pi fo mache sou otowout Huehutan nan nan eta Chiapas, Meksik, bone Madi 7 Jyen 2022.

Depi ane 2017, Etazini reprezante destinasyoon pi popilè moun kap chache azil yo, men se pa limenm sèlman kap fè fas ak defi migran yo prezante sou frontyè li.

Tandiske lidè Meksik ak plizyè peyi Amerik Santral deside vag sou Somè Dèz Amerik la, akò migrasyon an se yon bagay ke yap travay sou li depi prèske yon lane.

XS
SM
MD
LG