Accessibility links

Breaking News

Migran yo Pa Finn Deside Si yo ta Dwe Kontinye Travèse Meksik


Manm Gad Nasyonal la avanse ak yon gwoup migran k ap mache sou yon otowout nan soti Huixtla, eta Chiapas peyi Meksik, bone nan maten Jedi 9 Jyen 2022.
Manm Gad Nasyonal la avanse ak yon gwoup migran k ap mache sou yon otowout nan soti Huixtla, eta Chiapas peyi Meksik, bone nan maten Jedi 9 Jyen 2022.

Yon gwoup ki te gen ladann yon afè 5,000 migran gen opinyon depaman sou si wi ou non yo ta dwe kontinye ap travèse Meksik pou rive sou frontyè Etazini.

Yon gwoup migran - jèn gason pou pi fo - pran direksyon vil Huixtla, ki sitye nan sid la.

Men gen gwoup fanmi ak timoun ki deside ret tann nan Huixla pou wè si yo ka jwenn viza pwovizwa pou kite peyi a.

Fanmi yo te bouke apre yo finn fè 40 kilomèt a pye. Yo te derape nan Tapachula, tou pre frontyè Guatemala.

Objektif prèske tout migran yo se antre Ozetazini, men gen kèk ki deside rete tann nan pos imigrasyon vil Huixtla yo Jedi pou dokiman legal.

XS
SM
MD
LG