Accessibility links

Breaking News

Yon Karavan Migran Derape nan Sid Meksik


Yon migran pote drapo Ameriken an pandan lap rale yon malet nan mitan yon karavan migran kap kite Tapachula nan eta Chiapas, Meksik, bone 6 Jyen 2022.
Yon migran pote drapo Ameriken an pandan lap rale yon malet nan mitan yon karavan migran kap kite Tapachula nan eta Chiapas, Meksik, bone 6 Jyen 2022.

Dè milye migran, anpil nan yo soti Venezyela derape depi Sid Meksik bonè Lendi ak espwa pou yo rive Ozetazini. Yo kowenside vwayaj yo ak Somè Dèz Amerik la, kap dewoule nan Los Angeles semèn sa a.

Militan kap travay sou migrasyon di gwoup la taka youn nan pi gran karavann migran yo konstate depi plizyè zane.

Omwens 6,000 moun, dapre jounalis Reuters yo, kite vil Tapachula. Enstiti Nasyonal Migrasyon Meksik la pa di egzakteman konbyen moun ki nan gwoup la e yo pat fè okenn komantè non plis.

Oganizatè karavan nan, Luis Garcia Villagran di gwoup la reprezante divès nasyonalite pèp kap kouri pou zak vyolans ak move kondisyon lavi lakay yo.

Prezidan Ameriken Joe Biden gen pou'l anonse yon ako rejyonal sou migrasyon pi ta nan semèn nan.

Migran yo, pami yo anpil timoun, tanmen vwayaj yo bonè anba lapli e yo te gaye sou otowout. Kèk nan yo te kouvri ko yo ak plastik.

Gwo karavan kap pran direksyon Etazini te travèse Meksik an 2018 ak 2019 tou - men pi fo moun sa yo te soti Amerik Santral.

Yon chif reko migran te eseye travèse frontyè Meksik ak Etazini ilegalman ane pase a.

Migran Kolonbyen Robinson Reyes, 35 an di li espere gwoup la pral atire atansyon lidè kap asiste somè a.

"Si Bondyevle mwen pral Ozetazini. (JOUNALIS: Poukisa ou nan karavann sa a? ) Fre'm mwen isit depi yon mwa e yo pa rezoud anyen pa rapo ak viza imanite a nou vle yon avni pou fanmi nou. Nou pa vyolan nou senpman vle on meye avni pou fanmi nou.

(JOUNALIS: Ou o kouran Some dez Amerik la ?) "Wi monche se poutet sa nou soti jodia. Vreman vre, li konplike zanmi'm nou senpman vle pemisyon poun travese meksik san pwoblem."

Migran yo di yo espere gouvenman Meksiken an ap kite yo pouse pou pi devan san pwoblem.

XS
SM
MD
LG