Accessibility links

Breaking News

Meksik: Migran Ayisyen yo Pwoteste Kont Etazini Apre Lanmò 2 nan yo


MEXICO-US-HAITI-MIGRATION
MEXICO-US-HAITI-MIGRATION

Migran ayisyen ki bloke sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik la nan Tijuana denonse politik migrasyon Washington genyen anvè yo Jedi apre lanmò 2 nan yo sou fwontyè a.

Asosyasyon Haitian Bridge Alliance denonse lanmò Jocelyn Anselme, ki te gen 34 an ki mouri nan yon atak ak zam, epi Calory Archange, 30 lane ki te mouri akò z yon kriz kadyak apre li pat resevwa okenn trètman medikal.

Guerline Joseph, ki se direktris Haitian Bridge Alliance deklare "Nou isit la pou mande yon fen nan politik Ameriken ak lwa ki touye frè nou yo".

Joseph denonse Tit 42, yon lwa sou sante piblik Donald Trump te reaktive nan mwa mas 2020 an nan kòmansman pandemi an,e ki mande pou depòte imedyatman tout etranje san papye.

Prezidan Joe Biden te vle leve Tit 42 depi 23 me, men yon jij konsèvate nan eta Lwizyann te bloke tantativ sa.

Li te kontinye poul di "Frè nou Calory te mouri paske li te oblije rete Meksik sou akoz Tit 42 a."

Bò kote pa l, Nicole Ramos, avoka òganizasyon "Al otro lado" (lòt bò) akize gouvènman Meksiken an komkwa li pa pwoteje ase imigran ki travèse Meksik pou ale Ozetazini.

Ayisyen yo rejwenn imigran ki soti nan Amerik Santral la (Gwatemala, Ondiras, ak Salvado) k ap eseye antreprann vwayaj danjere sa a, e ki fe fas ak krim òganize ak otorite migrasyon yo.

XS
SM
MD
LG