Accessibility links

Breaking News

Defi Biden se Inifye Amerik yo Ozalantou yon Vizyon ke yo Tout Pataje


Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden bat bravo pandan yon pefomans pandan seremoni ouveti Some Dez Amerik la nan Los Angeles, 8 Jyen 2022.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden bat bravo pandan yon pefomans pandan seremoni ouveti Some Dez Amerik la nan Los Angeles, 8 Jyen 2022.

Prezidan Joe Biden ap eseye prezante yon vizyon ki ka inifye Emisfè Oksidantal la nan moman lap patwone Somè Dèz Amerik yo nan vil Los Angeles.

Sepandan rankont la ap fè fas ak divizyon ak absans ki rann ni difisil pou inifye Amerik di Sid la ak Amerik di No a ozalantou objektif pataje sou kestyon tankou migrasyon, ekonomi a, ak chanjman klimatik.

Gwo diferans ki egziste ant moun rich yo ak sa yo ki defavorize, gouvènans ak enterè nasyonal poze yon defi pou Biden. Prezidan Ameriken an ap eseye fè mèman parèyman ak Amerik Latin nan ke li rive fè ak peyi Azyatik ak Ewopeyen yo an tèm de patnèship.

Reyalite sa a limite espwa moun genyen pou somè a ke Etazini ap oganize pou premye fwa depi premye somè dèz Amerik la an 1994.

XS
SM
MD
LG