Accessibility links

Breaking News

Biden Lanse Inisyativ Ekonomik, Sante nan Somè Dèz Amerik


Prezidan Joe Biden pale pandan rankont PDG yo nan 9em Some Dez Amerik la Jedi 9 Jyen nan vil Los Angeles, eta Kalifoni.
Prezidan Joe Biden pale pandan rankont PDG yo nan 9em Some Dez Amerik la Jedi 9 Jyen nan vil Los Angeles, eta Kalifoni.

9em Somè Dèz Amerik la louvri nan Los Angeles ak anpil fanfa nan youn nan vil Ameriken kote ki gen plis divèsite pase tout lòt yo.

"27% pami nou pran nesans a l'etranje men plis pase 50% timoun nou yo gen youn oubyen tou le 2 paran ki se etranje. Sa pa egziste okenn lòt kote eksepte isit nan Kalifòni," Gavin Newsom - Gouvènè eta Kalifòni.

Men apa selebrasyon an reyalite a se ke Amerik Latin nan ak Karayib la ap fè fas ak yon gwo kriz ekonomik akoz pandemi COVID-19 la.

" 22 milyon moun te tonbe nan povrete premye ane pandemi a. Inegalite kontinye ogmante. Enflasyon global la vinn pi grav akoz lagè brital san pwovokasyon Putin ap mennen kont Ikrèn," Prezidan Joe Biden deklare.

Biden Lanse Inisyativ Ekonomik, Sante nan Somè Dèz Amerik
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:40 0:00

Biden anonse $300 milyon asistans alimantè e li lanse Patnèship Amerik yo pou Pwosperite Ekonomik.

"Patnèship Ameriken an pral ede ekonomi yo grandi depi klas defavorize a ak klas mwayèn nan pa an komansan pa moun rich yo. Sa ki vre pou Etazini se yon reyalite pou tout peyi. Ekonomi de wisèlman pa mache," Biden deklare.

Inisyativ pa pa gen ladann nouvo akò komesyal ke anpil lide rejyon an ap chache. E li pa kle konbyen lajan Etazini pral kontribye a jefò sa a.

Etazini deja gen3 ako komesyal ak apepre yon douzen peyi Latino Ameriken e politisyen Washington nan pa apiye lide pou antreprann lòt.

P. Michael McKinley se yon ex-Anbasadè Ameriken.

"Gen yon kokenn chenn potansyel pou elaji lyen eknomik ant Etazini ak rejyon an men fòk li gen ladann inisyativ konkre. E mwen kwe fòk ta gen angajman enpòtan pa rapò ak resous," McKinley deklare.

Some a ap dewoule ak lombraj absans 8 lide - youn nan yo akoz li teste pozitiv pou COVID e lòt yo kòm pwotestasyon akoz Etazini pa envite Kiba, Venezyela ak Nikaragwa ke li konsidere kòm anti-demokrat.

Kanmenm, lide yo pare pou adopte inisyativ tankou yon plan d'aksyon pou yo ka pare pou pandemi nan lavni, epi amelyore fòmasyon pou travaye lasante yo.

Etazini fe rejyon an kado plis pase 65 milyon doz vaksen. Lòt asistans li te anvizaje menase - Kongre a paka antann ni pou apwouve demann $5 milyon dola administrasyon an pwopoze pou finanse pwoje sa a.

Gen plis pase 2,7 milyon moun nan emisfe a ki mouri ak COVID-19. 40% bilan mondyal la.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Patsy Widakuswara ekri vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG