Accessibility links

Breaking News

Etazini Soulaje Restriksyon Vwayaj nan Kiba Apre Gwo Kritik Pa Rapò ak Somè a


Moun flote drapo Kiben an nan lari anvan 92 Some Dez Amerik la dewoule nan Los Angeles, Kalifoni, 7 Jyen 2022.
Moun flote drapo Kiben an nan lari anvan 92 Some Dez Amerik la dewoule nan Los Angeles, Kalifoni, 7 Jyen 2022.

Lèzetazini pase a l'aksyon Mèkredi pou'l leve kèk nan restriksyon ex-prezidan Trump te mete an plas sou lajan Ameriken gen dwa voye bay fanmi yo nan Kiba ak vwayaj yo gen dwa fè nan zile a.

Anons la vini nan moman Etazini ap eseye kontre kritik ki tonbe sou li akoz li anpeche peyi kominis la patisipe nan somè rejyonal la semèn sa a.

Nouvo règleman yo, ke gouvènman federal la pral pibliye Jedi, pral bay plis presizyon sou soulajman restriksyon sa yo ke administrasyon Prezidan Biden nan te anonse nan mwad Me a.

Yon responsab Depatman Trezo Etazini di piblikasyon nouvo règ yo ap fèt ekspre pou aliyen ak komansman Somè Dèz Amerik la kap dewoule nan Los Angeles.

Konferans la gen kom bi pou ankadre lidèship Etazini ak sipo Etazini pou Amerik Latin nan. Sepandan boykotaj kèk lidè rejoynal fè fose yon chanjman nan ajenda a. Lidè ki pa vini yo vekse dèske Ameriken deside ekskli Kiba, Venezyela ak Nicaragua.

Etazini bo kote pa li di li gen kè sote pou sityasyon dwa moun nan ak mank demokrasi ki egziste nan 3 peyi sa yo.

XS
SM
MD
LG