Accessibility links

Breaking News

Patisipan Somè Dèz Amerik yo Vize Jere Konsekans Migrasyon

Prezidan Biden (mitan) pale pandan yon rankont ak lide Karayib yo. Li chita bo kote Vis Prezidant Kamala Harris (a dwat) epi Prezidan Suriname Chandrikapersad Santokhi pandan Some Dez Amerik yo, Jedi 9 Jyen 2022 nan Los Angeles.

Lidè k ap asiste Somè Dèz Amerik yo pare pou pibliye yon deklrasyon ki pran angajman pou mete ann aplikasyon mezi pou ralanti migrasyon ilegal la epi ede peyi kote migran yo gonfle fè fas ak kriz migratwa a, dapre yon pwojè deklarasyon Reuters wè Jedi.

Dokiman an ki te ekri pi bonè semèn sa a gen ladann angajman pou travay ak bank yo pou revize zouti finansye ki disponib pou peyi kote migran yo ap viv epi amelyore aksè pou migran yo ak sèvis prive ak piblik yo.

Lamezonblanch poko fè komantè sou kestyon an.

XS
SM
MD
LG