Accessibility links

Breaking News

Etazini Prezante Plan pou Kontre Chanjman Klimatik nan Karayib la


Vis Prezidan Kamala Harris, mitan, poze pou yo foto ak lide Karayib yo, nan Los Angeles, Jedi 9 Jyen 2022.
Vis Prezidan Kamala Harris, mitan, poze pou yo foto ak lide Karayib yo, nan Los Angeles, Jedi 9 Jyen 2022.

Nan yon reyinyon ak lidè peyi Karayib yo, nan kad Somè Dèz Amerik la, Vis Prezidant Etazini an, Kamala Harris, prezante Jedi plan Lamezonblanch genyen pou fè fas ak chanjman klimatik la.

Harris devwale angajman Etazini pare pou pran vizavi peyi nan Karayib la, yon plan ki fokalize sou pwomès ki fè pati pwogram PAC 2030 la sou chanjman klimatik. Se mekanism prensipal sa a Etazini pral sèvi pou abode kestyon sekirite enèjetik la nan Karayib la.

Vis Prezidan Kamala Harris patwone yon rankont ak lide Karayib yo nan Some Dez Amerik la nan Los Angeles, Jedi 9 Jyen 2022.
Vis Prezidan Kamala Harris patwone yon rankont ak lide Karayib yo nan Some Dez Amerik la nan Los Angeles, Jedi 9 Jyen 2022.

Men 5 pwen Harris devwale:

  • Travay pou idantifye nouvo pwojè enèji "pwop"
  • Founi asistans teknik pou pwojè vyab
  • Enkòpore envèsyon nan zòn d'enterè nan Karayib la
  • Amelyore aksè ak finansman epi asire pwojè yo konkretize
  • "Pou akselere tranzisyon a enèji pwòp la nap mete a la dispozisyon peyi nan rejyon an kèk gwo opòtinite," Harris fini pou di.

A 1:45pm (lè Los Angeles, Prezidan Joe Biden te rejwenn vis prezidant la nan rankont ak lidè Karayib yo.

Li te diskite sou enpotans travay ansanm ak opotinite pou kolabore sou chanjman klimatik. Prezidan Biden di fok mond lan konprann dega peyi ki rich yo koze nan anviwonman an.

Nan fen rankont la yo te mande Prezidan Biden si li gen kè sote pa rapo ak lidè ki deside boykote somè a.

"Non," li reponn.

XS
SM
MD
LG