Accessibility links

Breaking News

Siklòn Ian Lakòz Plizyè Douzèn Moun Mouri


Pon ki lye Fort Myers ak zile Pine Island nan Florid sibi gwo dega apre pasaj Siklon Ian, 1 Oct. 2022.
Pon ki lye Fort Myers ak zile Pine Island nan Florid sibi gwo dega apre pasaj Siklon Ian, 1 Oct. 2022.

FORT MYERS, FLA -- Plizyè douzèn sitwayen nan eta Florid oblije kouri kite kay yo pa bato ak avyon nan moman sekouris yo kontinye ap chache sivivan apre pasaj siklòn Ian.

Nan Kawolin di Sid ak Kawolin di Nò, otorite yo tap fè konsta dega yo Samdi.

Yon ri ki inode nan katye Harlem Heights, nan Fort Myers, Florid, apre pasaj siklon Ian, Samdi 1 Oct. 2022.
Yon ri ki inode nan katye Harlem Heights, nan Fort Myers, Florid, apre pasaj siklon Ian, Samdi 1 Oct. 2022.

Bilan viktim yo apre pasaj siklòn nan prèske rive 3 douzèn, e gen ka lanmò ki anrejistre nan Kiba, Florid ak Kawolin di Nò.

Siklòn nan febli kounyea e li pran direksyon lanmè Atlantik la men anvan sa li te kraze plizyè pon.

Li te voye bato sou bilding, kraze twa kay epi kite plizyè santèn milye moun san elektrisite.

XS
SM
MD
LG