Accessibility links

Breaking News

2,7 Milyon Moun Bloke Lakay yo nan Florid, Apre Pasaj Siklòn Ian


Nan foto sa a ke Sekouris awondisman Orange County bay lapres, ponpye yo ede moun ki bloke akoz Siklon Ian, Jedi 29 Sept. 2022.
Nan foto sa a ke Sekouris awondisman Orange County bay lapres, ponpye yo ede moun ki bloke akoz Siklon Ian, Jedi 29 Sept. 2022.

Siklòn Ian detwi plizye vil nan eta Florid. Gen moun ki bloke lakay yo, gen inodasyon epi mezon retrèt ak lopital oblije evakye pasyan yo.

Dapre nouvèl yo siklòn nan izole yon zile ki popilè ak touris yo ak rès eta a.

Plis pase 2,7 milyon sitwayen pa gen kouran, pandan lapli kontinye ap tonbe.

Inodasyon an afekte plizyè kilomèt teritwa sou kot Florid. Jiskaprezan gen yon sèl lanmò ki konfime men plizye milye moun ap tan sekouris vinn pran yo.

Ian se youn nan siklòn pi pwisan ki janm frape Etazini.

Lap pase sou kòt Atlantik Etazini kounyea e otorite yo atann yo aske li pran fòs anvan li frape Kawolin di Sid Vandredi.

XS
SM
MD
LG