Accessibility links

Breaking News

Siklòn Ian Frape Sidwès Florid


Yon pye bwa van Siklon Ian rache nan Cooper City, Florid, 28 Sept. 2022.
Yon pye bwa van Siklon Ian rache nan Cooper City, Florid, 28 Sept. 2022.

Siklon Ian frape kòt sidwès eta Florid ak yon pwisans Kategori 4.

Apepre 2,5 milyon moun resevwa lòd pou yo evakye zòn nan anvan siklòn nan te rive Mèkredi. Li pote avè'l van kap soufle ak yon vitès 241 kilomèt ale.

Siklòn nan ap vanse pi plis sou eta a e gen anpil chans pou'l febli. Sepandan, sitwayen yon nan rejyon santral Florid taka fè fas ak gwo van siklòn nan toujou.

Anvan li te travèse Gòlf Meksik la pou vin frape Florid, Siklòn Ian te ravaje Kiba Madi. Gen 2 moun ki mouri nan Kiba epitou siklòn nan rache rezo elektrisite a.

XS
SM
MD
LG