Accessibility links

Breaking News

Meteo fè Konnen Tanpèt Twopikal Ian ap Vanse Pi Pre Kiba


Volonte pouse yon bato sou yon wout ki inonde apre gwo lapli ki tonbe sou La Havann, Kiba, 3 Jyen 2022.
Volonte pouse yon bato sou yon wout ki inonde apre gwo lapli ki tonbe sou La Havann, Kiba, 3 Jyen 2022.

Meteo fè konnen Tanpèt Twopikal Ian pran fòos pou-l tounen siklòn pandan l ap vanse pi pre Kiba sou yon wout ki ka mennen nan Florid nan jou k ap vini yo.

Meteo te di l ap pran fòs rapid e tounen yon gwo siklòn aswè a.

Otorite nan Kiba te sispann lekòl nan pwovens Pinar del Rio e fè konnen yo pwal evakye moun jodi lendi a pandan yo prevwa ke Ian ap pran fòs anvan li rive nan pati lwès peyi a pandan li sou wout pou rive Florid.

Gen yon avètisman pou siklòn pou zile Gran Kayiman ak pwovens Isla de Juventud, Pinard el Rio ak Artemisa nan Kiba. Sant Nasyonal Siklòn Etazini fè konnen Ian ta dwe rive nan pati ekstrèm lwès Kiba aswè a oubyen bonè demen madi a, e frape peyi a toupre chan tabak li ki gen plis renome a. Li ka tounen yon kokenn siklòn anvan li touche tè Florid nan mitan semèn nan, petèt sou kot lwès nan nò Florid nan zòn ki rele Florid panhandle.

XS
SM
MD
LG