Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Ian Pran Fòs, Vanse sou Kiba, Florid


Foto sa a ke satelit NOAA pran montre Tanpet Twopikal Ian nan rejyon santral Karayib la Samdi, 24 Sept. 2022.
Foto sa a ke satelit NOAA pran montre Tanpet Twopikal Ian nan rejyon santral Karayib la Samdi, 24 Sept. 2022.

Otorite ak sitwayen nan Florid ap veye Tanpèt Twopikal Ian, pandan lap pase sou Karayib la. Yo atann yo aske li kontinye pran fòs epi tounen yoon gwo siklòn nan jou kap vini yo.

Gouvènè Florid la, Ron DeSantis deklare yon eta dijans toupatou nan eta a kounyea. Vandredi eta dijans li a te kouvri 24 awondisman sèlman.

DeSantis ankouraje moun Florid yo pou yo fè preparasyon pou siklòn sa a, ki taka frape kèk rejyon eta a fò.

Gen sitwayen ki deja kouri al achte pwodwi premye nesesite tankou dlo, bwa ak dèlko.

Prezidan Joe Biden deklare yon eta dijans pou eta Florid tou.

XS
SM
MD
LG