Accessibility links

Breaking News

Moun Pòtoriko, Repiblik Dominikèn ap Jere Dega Ouragan Fiona


Tet kay sa a vole ale nan Ouragan Fiona, apre li frape Repiblik Dominiken. Kay sila a sitye nan katye Kosovo, nan Veron de Punta Cana, 19 Sept. 2022.
Tet kay sa a vole ale nan Ouragan Fiona, apre li frape Repiblik Dominiken. Kay sila a sitye nan katye Kosovo, nan Veron de Punta Cana, 19 Sept. 2022.

Ouragan Fiona lage plis lapli sou Pòtoriko Lendi, yon jou apre li te kite pi fò zile a san elektrisite ak dlo.

Gad Nasyonal la te sove plizye santen moun ki te bloke apre kay yo te inonde.

Gouvene zile a di sa taka pran kèk jou pou yo re-bay elektrisite.

Fiona se absè sou klou pou Pòtoriko ki poko menm reprann ni apre pasaj Ouragan Maria, ki te touye yon afè 3,000 moun an 2017, epi rache enfrastrikti elektrisite a.

5 an pi ta, gen plis pase 3,000 kay sou zile a ki pa gen twa. Se prela ki sèvi yo kòm twa.

Dlo inonde kay nan Salinas Beach apre parasj Ouragan Fiona nan vil Salinas, Potoriko, Lendi 19 Sept. 2022.
Dlo inonde kay nan Salinas Beach apre parasj Ouragan Fiona nan vil Salinas, Potoriko, Lendi 19 Sept. 2022.

Nan minisipalite ki rele Salinas la, sou kòt sid la, rivye Nigua te debòde epi anvayi lari ak kay nan zòn nan.

Gen 400 moun ki oblije evakye kay yo epi al pran refij nan abri.

Carmen Rivera montre jounalis Associated Press imaj kay li ki inonde.

Li di: "Dlo anvayi tout bagay e nou te kouri vit kite batiman an nan moman nivo dlo a tap monte rapidman."

Responsab Pòtoriko yo di li twò bone pou konnen konbyen dega ki fèt.

Yon lòt kote nan Repiblik Dominikèn, Fiona detwi kay ak lòt enfrastrikti.

Moun Punta Cana te komanse pwosesis netwaj la Lendi, kote yo tap ranmase debri ouragan an kite dèyè.

Juan Mora abite nan vil la: " Li te pwisan anpil le li pase la a. Pwisan anpil. Li detwi majorite kay yo. Li rache tèt kay yo ak tout planch yo -- tout bagay."

Nan rejyon es Repiblik Dominiken menm, nan pwovens La Altagracia ki se premye zon Ouragan Fiona te frape, gen pye bwa ak poto elektrisite ki tonbe akoz gwo van e plizye kay san kouran.

Van yo tap soufle ak yon vites 140 kilomèt ale, epi li rache twa kay, pòt, ak fenèt nan San Rafael del Yuma, Higuey, Veron, Punta Cana, Hato Mayor, El Seibo epi Samana.

Sant Operasyon Dijans la lanse avetisman wouj pou 15 pwovens nan ès ak nò peyi a ak yon alèt jon pou 16 pwovens nan sid ak wès la.

Darlin Vargas esplike kijan li te viv pasaj ouragan an:

"A vre di, mwen pa domi. Mwen te chita dèyè pòt la paske van an tèlman tap soufle mwen te pè li tap pote m ale. Mwen leve a 4 hè di maten paske kay nou te finn tounen yon gwo pisin."

Pandansetan, nan zon Punta Cana, ki se lyon zon touristik, plizye santèn touris bloke nan chanm yo men pa gen gwo dega ki fèt, dapre nouvèl yo.

Otorite yo pase lòd pou ti bato ak bato dimansyon mwayen rete nan pò a - nan bò lanmè Atlantik la o nò, ak lanmè Karayib la tou nan sid, akoz gwo van ak vag ouragan an koze.

XS
SM
MD
LG