Accessibility links

Breaking News

Siklòn Ian Pwoche Kiba Pandan Lap Vize Florid


Vag lanme anba yon syel chaje ak nyaj nan Batabano, Kiba, Lendi 26 Sept. 2022.
Vag lanme anba yon syel chaje ak nyaj nan Batabano, Kiba, Lendi 26 Sept. 2022.

Siklòn Iran ap pwoche Kiba e li sou wout pou frape Florid ak fòs Kategori 4 osito ke Mèkredi.

Yon responsab deklare "se pa yon esè".

Tampa ak St. Peterburg nan Florid gen anpil chans pou siklon nan vize yo dirèkteman lè li frape. Se premye fwa yon siklòn pwisan konsa frape yo depi yon syèk.

Yon dam fe foto pandan vag yo ap frape plaj George Town, zile Gran Kayiman, Lendi 26 Sept. 2022.
Yon dam fe foto pandan vag yo ap frape plaj George Town, zile Gran Kayiman, Lendi 26 Sept. 2022.

Ian deja ap pran fòs e meteyo predi li pral pase sou rejyon wès Kiba rapidman. Apre sa, lap vire nan direksyon nò epi ralanti akoz tanperati pi cho lanmè Gòlf Meksik la, ki se rezon ki fè li ka tounen youn nan siklòn ki pi pwisan yo.

Meteyowolojis yo di siklòn nan taka koze nivo lanmè pa ogmante 16 kilomèt.

Plizyè milye moun taka oblije kouri kite kay yo.

XS
SM
MD
LG