Accessibility links

Breaking News

'Nou Avè'w' Biden di Pòtoriko Anvan Vizit li


Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden, ak Gouvene Potoriko Pedro Pierluisi Lendi nan Ponce, Potoriko, 3 Oct. 2022.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden, ak Gouvene Potoriko Pedro Pierluisi Lendi nan Ponce, Potoriko, 3 Oct. 2022.

Prezidan Joe Biden fè konnen gouvènman Ameriken an ap pote kole ak Pòtoriko a lon tèm nan moman zile a ap netwaye epi rebati apre pasaj siklòn Fiona.

Biden vwayaje nan teritwa Ameriken an Lendi pou fè konsta dega yo apre siklon Kategori 1 an te frape 18 Septanm pase a epi koze inondasyon katastwofik, rache wout ak pon epi deklanche plis pase 100 lavalas labou.

Foto Achiv: Plaj Salinas anvayi ak dlo apre pasaj Siklon Fiona nan Salinas, Potoriko, Lendi 19 Sept. 2022.
Foto Achiv: Plaj Salinas anvayi ak dlo apre pasaj Siklon Fiona nan Salinas, Potoriko, Lendi 19 Sept. 2022.

Biden ap vizite zile a nan moman gen anpil kolè ak fristrasyon poutèt blakawout ki toujou egziste yo.

Gen dè dizèn milye moun ki kontinye ap viv san elektrisite ni dlo potab, 2 semèn apre pasaj siklòn nan.

XS
SM
MD
LG