Accessibility links

Breaking News

Bilan Viktim yo Ogmante a 47 Pandan Florid ap Goumen pou Repann ni Apre Pasaj Siklòn Ian


Yon pon ki konekte Fort Myers ak zile Pine Island nan Florid sibi gwo dega apre pasaj Siklon Ian, Samdi 1 Ot. 2022.
Yon pon ki konekte Fort Myers ak zile Pine Island nan Florid sibi gwo dega apre pasaj Siklon Ian, Samdi 1 Ot. 2022.

Sekouris yo evakye sivivan ki te bloke lakay yo pandan pasaj Siklon Ian nan pi gwo zile eta Florid la. Bilan viktim yo ogmante anpil pandan jefò sekou yo ap kontinye.

Gen plizyè santèn milye moun kap mouri chalè e ki rete san elektrisite apre dega siklòn nan fè nan Florid ak eta Kawolin di Nò ak Sid.

Florid konfime 47 lanmò lakay li.

Ian se siklon pi pwisan ki frape Etazini. Li monte sou Florid antanke Kategori 4 nan mitan semèn pase a.

Anpil viktim te izole lakay yo ak sèvis telefòn limite e yo pat gen aksè ak sevis de baz tankou dlo ak elektrisite.

Dimanch maten, yon afè 850,000 sitwayen toujou pat gen kouran lakay yo Dimanch maten.

XS
SM
MD
LG