Accessibility links

Breaking News

Nan Florid, Biden Konsantre sou Viktim Siklòn yo, pa Politik

Premye dam Jill Biden salye Depite Byron Donalds (Repibliken Florid) pandan ke limenm ak Prezidan Joe Biden ap pale ak responsab ki akeyi yo nan ayerwopo apre yo rive nan Fort Meyers, Florid, 5 Oktob, 2022.

Prezidan Joe Biden ateri nan rejyon eta Florid Siklòn Ian ravaje Mekredi.

Li pwomèt gouvènman federal, eta ak lokal yo pral travay ansanm pou ede rebati kay, biznis ak lavi viktim yo.

Se konsa prezidan an mete politik sou kote, pou'l ka konsantre sou sinistre yo.

Siklòn Ian lakoz 84 moun mouri, pami yo gen 75 ki abite Florid. Gen dè santèn milye moun ki nan blakawout jiskaprezan.

Ian te pote avè'l gwo van ki tap soufle epi li mete 2,6 milyon sitwayen nan blakawout. Gen anpil moun ki poko rive gen aksè ak manje ni dlo pwòp.

Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden vizite zon Siklon Ian ravaje nan Florid depi Marine One, elikopte prezidansyel la, Mekredi 5 Oktob, 2022.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden vizite zon Siklon Ian ravaje nan Florid depi Marine One, elikopte prezidansyel la, Mekredi 5 Oktob, 2022.

Biden rankontre kèk sitwayen ak pwopriyetè ti biznis nan Fort Myers jodia, kote li remèsye responsab gouvènman an kap patisipe nan jefò sekou yo epi debleye katye yo.

Eleksyon mi-manda yo pral dewoule nan yon mwa, e kriz sa a lakoz rival politik yo kole tèt ansanm.

Biden ak madanm ni Jill te gen kòm konpayon pandan vizit la 2 Repibliken moun konnen pi byen nan eta Florid - an palan de Gouvènè Ron DeSantis epi Senatè Rick Scott.

Gen lòt responsab lokal epitou Senatè eta Florid Marco Rubio ki te akonpaye Biden tou.

XS
SM
MD
LG