Accessibility links

Breaking News

Sanksyon Etazini kont Oligak Ris yo Pare pou Aplike


Pot pawol Lamezonblanch la, Jen Psaki pale pandan yon konferans pou lapres nan Washington, Jedi 3 Mas, 2022.
Pot pawol Lamezonblanch la, Jen Psaki pale pandan yon konferans pou lapres nan Washington, Jedi 3 Mas, 2022.

Mèkredi 2 mas la, Lèzetazini anonse yon plan global konplè pou l idantifye epi sezi pwopriyete ak avwa sitwayen ris rich ki te sipòte rejim Prezidan Vladimir Putin nan. Desizyon sa a antre nan kad repons Lèzetazini ap bay Larisi pou envazyon li fè nan Ikrèn nan. Nouvo desizyon sa a, ke Depatman Jistis ameriken an ap mete an aplikasyon, gen pou tit “Operasyon KleptoKapture”. Prezidan Joe Biden te anonse li nan mesaj sou Eta Inyon an ke li te mete devan Kongrè a madi swa lè l te deklare:

“Aswè a, M ap di oligak ris yo ak lidè kowonpi ki jwenn plizyè milya dola nan men rejim vyolan sa a: Abraham di: Sètase! Depatman Jistis nou an ap fòme yon ekip espesyal k ap gen pou mache pran oligak ris yo pou fè yo reponn pou krim yo. N ap met ansanm ak alye ewopeyen n yo pou n chache epi sezi yacht nou yo, apatman de liks nou yo, avyon prive nou yo. Nou pral dèyè tout byen, tout richès nou fè nan move kondisyon yo.”

Mekredi maten, Minis Jistis la, Merrick B. Garland, te anonse kreyasyon yon ekip espesyal tou nèf pandan li te atire atansyon sou le fèt ke objektif ekip la se mete an aplikasyon tout yon seri de sanksyon ekonomik Etazini pran pou l pini Larisi depi envazyon peyi sa a te fè nan Ikrèn semèn pase a.

XS
SM
MD
LG