Accessibility links

Breaking News

Putin: 'Operasyon Militè yo nan Ikrèn ap Byen Mache'


RUSSIA-POLITICS-PUTIN
RUSSIA-POLITICS-PUTIN

Prezidan Ris la Vladimir Putin di ke "operasyon militè yo" nan Ikrèn ap mache selon "plan" yo.

"Operasyon militè espesyal la ap mache estrikteman dapre orè nou te prevwa yo, dapre plan an," se deklarasyon sila ke prezidan Ris la Putin te fè sou televizyon Ris sou 8 èm jou envazyon fos militè Ris yo nan Ikrèn.

Li salye sòlda Ris yo pou"kouraj" yo ke li te dekri kòm yon"vrè ewo".

"Mwen pa pral abandone kwayans ke Larisi ak Ikrèn se yon sèl pèp".

Prezidan Ris la te anonse konpansasyon finansye pou sòlda Ris ki mouri oswa blese nan Ikrèn.

Larisi te di Mèkredi ke gen 498 sòlda Ris ki mouri e 1,597 lòt blese.

XS
SM
MD
LG