Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Blinken Al Fè yon Toune ann Ewòp de Lès


Sekrete d'Eta Ameriken Antony Blinken rive nan vil Brussels nan peyi Beljik, Jedi 3 Mas, 2022.
Sekrete d'Eta Ameriken Antony Blinken rive nan vil Brussels nan peyi Beljik, Jedi 3 Mas, 2022.

Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, kite Washington jedi pou yon toune ann Ewòp de Lès kote l pral rankontre avèk alye l OTAN yo e ak lòt lidè ewopeyen nan kad efò y ap fè pou yo jwenn yon solisyon diplomatik pou sitiyasyon an ann Ikrèn.

Nan yon kominike pòtpawòl Depatman Deta a, Ned Price, mete devan laprès, li fè konnen Blinken prale dabò nan peyi Beljik pou l fè chita-tande ak minis afè etranjè l OTAN yo anvan yon rankont ak kòlèg li yo nan Gwoup G-7 la.

Samdi pwochen Sekretè Deta a prale nan Vasovi pou l rankontre lidè polonè yo, pami yo minis afè etranjè a, Zbigniew Rau, “pou yo diskite sou plis asistans nan domèn sekirite a nan moman Larisi ap kontinye agresyon li a sou Ikrèn.”

Dapre Price toujou, Blinken pral remèsye Lapolòy pou gwo jenewosite peyi sa a montre lè l aksepte resevwa plizyè milye refijye ikrenyen; li va abòde tou kesyon pou konnen kijan Lèzetazini ka ogmante asistans imanitè li pou moun k ap kouri pou lagè Putin nan

Nan menm samdi a, Sekretè Deta a gen pou l ale nan Mòldavi pou l rankontre ak Prezidan Maia Sandu, Premye Minis Natalia Gavrilita, avek minis afè etranjè Nicu Popescu, pou kèk chitatande kote yo pral pale de efò peyi yo ap fè pou yo resevwa refijye yo lakay yo epi ede yo, pandan yo va mete aksan sou apui Lèzetazini pou efò sa a.

Anfen, sòti 6 pou rive 8 mas, chèf diplomasi amerikèn nan pral vizite peyi Lityani, Latvi ak Estoni pou l rankontre ak lidè eta baltik sa yo nan pwòp peyi yo pou yo pale de efò y ap fè ansanm pou yo ede Ikrèn epi fè pwomosyon pou demokrasi ak dwamoun.

XS
SM
MD
LG