Accessibility links

Breaking News

Apre yon Apèl nan Telefòn ak Putin, Macron Panse Bagay Yo ka Vin Pi Grav Nan Ikrèn


Russia, Moscow, russian president Vladimir Putin and french president Emmanuel Macron
Russia, Moscow, russian president Vladimir Putin and french president Emmanuel Macron

Apre Prezidan franse a Emmanuel Macron te pale fin pale nan telefòn ak prezidan Ris la Vladimir Putin, li fè konnen ke bagay yo ka vin pi mal nan peyi Ikrèn, paske Putin detèmine pou li kontinye operasyon militè a e pou li pran kontwòl tout Ikrèn.

Li di se Putin ki te pran inisyativ apèl nan telefòn sa, ki se twazyèm apèl 2 prezidan yo depi lè envazyon an kòmanse 24 fevriye a, objektif la se "enfòme" Emmanuel Macron "sou sitiyasyon an ak entansyon li nan kad dyalòg la fran.

Nan akizasyon ke Putin te lanse sou pep Ikrenyen an, "ke yo se Nazi" Macrib "reponn li 'ke li komèt yon erè grav sou rejim Ikrenyen an "ke yo "pa Nazi".

"Ou rakonte on pakèt istwa, ou ap chèche pretèks".

"Apel sa te pèmèt 2 prezidan yo diskite sou dezakò yo" dapre Macron di remake ke Prezidan Putin montre plis "detèminasyon pou li kontinye ak operasyon militè a jouk nan fen".

Paris konsidere tou "trè siyifikatif" desizyon ke peyi Lachin nan Nasyonzini an, kote li pa di anyen sou rezolisyon ke lONU pran pou mande fen "imedya" atak fòs ris yo nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG