Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Chita Pale Larisi ak Ikrèn sou Fwontyè Belaris ak Polòy Kòmanse


Responsab Ris ak Ikrenyen patisipe nan yon chita tande nan rejyon Brest peyi Byelorisi, 3 Mas 2022.
Responsab Ris ak Ikrenyen patisipe nan yon chita tande nan rejyon Brest peyi Byelorisi, 3 Mas 2022.

Chita pale ant Larisi ak Ikrèn sou fwontyè ant Byelorisi ak Polòy kòmanse. Gen 8 jou depi militè Ris fè yon envazyon nan peyi Ikrèn. Konseye prezidansyèl Ikrenyen Mikhailo Podoliak te anonse nan chita pale sa a Jedi.

"Nou ap kòmanse diskite ak reprezantan Ris yo. Pwen kle nou genyen sou ajanda a, kote nou ap mande yo sispann tire ak bonbade imedyatman, epi kreye yon koridò ki kapab kite èd imanitè antre epi fè evakyasyon sivil ki nan vil ki detwi akoz atak la".

XS
SM
MD
LG