Accessibility links

Breaking News

Larisi Pran Kontwòl Vil Kherson nan Ikrèn


Ponpye travay pou etenn yon dife nan yon sant anba lavil Chernigiv nan peyi Ikren apre yon atak twoup Ris yo sou vil la, Jedi 3 Mas, 2022.
Ponpye travay pou etenn yon dife nan yon sant anba lavil Chernigiv nan peyi Ikren apre yon atak twoup Ris yo sou vil la, Jedi 3 Mas, 2022.

Fòs militè Larisi yo pran kontwòl vil estratejik Kherson, nan Ikrèn, nan jounen jedi 3 mas la, pandan y ap kontinye vide gwo kout zam sou divès vil nan kad yon atak ki oblije plis pase yon milyon moun pati kite peyi a.

Otorite gouvènman lokal yo ak lame ris la konfime nouvèl ki di lame a mete men sou Kherson, premye vil ki tonbe nan men Larisi nan yon envazyon ki deja gen yon semèn depi l te kòmanse, apre chakenn nan 2 pati yo te pase plizyè jou ap pretenn se li ki gen kontwòl vil la. èò

Pote boure Moskou t ap fè pou l pran kontwòl kapital Ikren nan, Kyèv, an 2 tan, 3 mouvman, sanble kanpe nan wout; men lame ris la fè anpil pwogrè enpòtan nan pati sid peyi a nan kad efò y ap fè pou yo koupe tout kontak Ikrèn avèk Lanmè Nwa a ak Lanmè Azov la.

Malgre gwo atak ris yo lanse sou vil Kharkiv, Chernihiv ak Mariupol, Depatman Defans britanik la fè konnen nan jounen jedi a tout vil sa yo toujou rete anba men Ikenyen yo. Nan kòmansman jounen an, Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, te pibliye yon video kote li te di:

“Nou se yon pèp ki, nan yon semèn, rive detrui plan lennmi an. Yo pa p gen lapè ditou nan peyi sa a. Yo pa p jwenn manje. Yo pa p genyen menm yon ti moman lapè isit la.”

XS
SM
MD
LG