Accessibility links

Breaking News

Manm Kongrè Ameriken an Ap Prese Jwenn yon Antant sou Sanksyon kont Larisi yo


Senate Lisa Murkowski (Repibliken eta Alaska) ak Senate Joe Manchin (Demokrat eta Vijini de Lwes, pale de yon pwoje lwa pou entedi Etazini enpote eneji ki soti La Risi, 3 Mas 2022.
Senate Lisa Murkowski (Repibliken eta Alaska) ak Senate Joe Manchin (Demokrat eta Vijini de Lwes, pale de yon pwoje lwa pou entedi Etazini enpote eneji ki soti La Risi, 3 Mas 2022.

Palmantè ameriken yo, ki retounen nan Kongrè a apre fen vakans yo, twouve yo anba presyon pou yo antann yo sou yon lejislasyon ki ta vin mete sanksyon sou Larisi pou envazyon non-pwovoke li fè nan Ikren nan.

Pandan manm demokrat yo bat bravo pou aksyon Prezidan Joe Biden pran pou l pini Prezidan ris la, Vladimir Putin, poutèt bonbadman l ap fè sou peyi endepandan ès-ewopeyen an, gen repibliken k ap di pouvwa egzekitif la aji twò ta e yo lanse lide pou gouvenman an pran lòt sanksyon ki pi di toujou.

Repibliken ki pi lou nan Komisyon Afè Etranjè Sena a, Jim Risch, te bay yon konferans pou laprès mèkredi 2 mas la, kote li te deklare :

“Li lè pou n lage kout mato a sou ekonomi ris la epi bloke li totalman, menm jan li lè pou n fè plis efò tou pou n ede ikrenyen yo defann tèt yo.”

Senatè Risch di yon lejislasyon li patwone -ki se youn nan pwopozisyon-lwa sou asistans pou Ikrèn ak sanksyon kont Larisi ki devan Kongrè a- kapab kreye sa li rele “yon fon rezistans” pou Ikenyen yo ki ka monte rive 350 milyon dola pou pi piti.

XS
SM
MD
LG