Accessibility links

Breaking News

Responsab Ameriken Tounen Venezyela pou Eseye Rebati Lyen


Prezidan Venezyela Nicolas Maduro pandan yon konferans pou lapres 11 Jyen, 2022 nan vil Teheran, Iran.
Prezidan Venezyela Nicolas Maduro pandan yon konferans pou lapres 11 Jyen, 2022 nan vil Teheran, Iran.

Responsab wo plase administrasyon Biden nan vwayaje tou dousman nan Caracas pou eseye rebati relasyon ak peyi Amerik di Sid sa a ki gen anpil petwòl, nan moman lage Ikren nan ap kontinye epi pouse pri gazolin nan pi wo. Sa lakoz Etazini ap rekalibre objektif politik etranje li yo.

Delegasyon an rive Lendi nan Caracas. Li gen ladann Anbasadè James Story, ki dirije Inite sou Zafè Venezyelyen gouvènman Ameriken an depi peyi vwazen Kolonbi. Se sa yon responsab Depatman d'Eta fè konnen. Li pale sou kondisyon pou yo pa site non li pou li pa entèfere ak diskzyon diplomatik yo.

Delegasyon an gen kòm manm tou, Roger Carstens, anvwaye espesyal prezidansyèl sou zafè ki gen pou wè ak otaj.

XS
SM
MD
LG