Accessibility links

Breaking News

Biden Ak Kòt Lidè Emisfè Oksidantal yo Antann yo sou yon Akò Migrasyon


(De goch a dwat) Prezidan Ekwatè Guillermo Lasso, Prezidan Joe Biden, ak Prezidan Kolonbyen Ivan Duque pandan yon rankont sou migrasyon nan Somè Dèz Amerik la, Vandredi 10 Jyen ann Los Angeles.
(De goch a dwat) Prezidan Ekwatè Guillermo Lasso, Prezidan Joe Biden, ak Prezidan Kolonbyen Ivan Duque pandan yon rankont sou migrasyon nan Somè Dèz Amerik la, Vandredi 10 Jyen ann Los Angeles.

Prezidan Joe Biden ak lòt lidè emisfè oksidantal yo anonse sa yo dekri tankou yon "fèy de wout" pou peyi ki gen lakay yo gwo kantite migran ak refije.

"Deklarasyon Los Angeles la" taka pi gwo akonplisman Somè Dèz Amerik yo, ki te derape ak lombraj mekontantman akoz peyi ki pat resevwa envitasyon yo.

Lidè Meksik ak peyi Amerik Santral yo te voye diplomat wo plase olye chèf deta yo apre Etazini te ekskli Kiba, Nikaragwa ak Venezyela.

Yon seri prensip yo te anonse Vandredi gen ladann, mwayen legal pou antre nan kèk peyi, asistans pou kominote ki pi afekte pa kriz migratwa a, epi mezi imen pou jere frontyè a ak repons kowodone nan ka dijans.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG