Accessibility links

Breaking News

Joe Biden ak Jair Bolsonaro Rankontre Nan Somè Lidè Nasyon yo


Brazilian President Jair Bolsonaro speaks at a meeting with President Joe Biden during the Summit of the Americas, June 9, 2022, in Los Angeles.
Brazilian President Jair Bolsonaro speaks at a meeting with President Joe Biden during the Summit of the Americas, June 9, 2022, in Los Angeles.

Prezidan Etazini Joe Biden ak prezidan brezilyen Jair Bolsonaro rankontre pou premye fwa. Rankont sa a fèt jedi pandan yo 2 a t ap patisipe nan somè lidè nasyon yo nan emisfè Wès la ke Biden ap òganize nan Los Angeles nan eta Kalifòni.

2 mesye yo pa te janm rankontre ni pale antre yo anvan rankont ayè jedi a. Nan pati piblik rankont yo a, Biden chante lwanj pou sa li rele demokrasi Brezil k ap byen mennen, ki gen patisipasyon tout tandans ak enstitisyon elektoral yo ki solid.

Bolsonaro pwal chache yon nouvo manda ane sa a e li kontinye ap repete pawòl ki pa chita sou okenn prèv konsènan sistèm vòt-la nan peyi-l. Kèk analis brezilyen wè kòmantè li yo kòm yon efò Bolsonaro pou lage dout sou rezilta eleksyon ki pwal dewoule nan mwa Oktòb k ap vini an.

---

XS
SM
MD
LG