Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chili Kritike Eksklizyon Peyi nan Somè Dèz Amerik la


Prezidan Chili Gabriel Boric Font pale pandan sesyon plene Some Dez Amerik la, Vandredi 10 Jyen 2022, nan Los Angeles.
Prezidan Chili Gabriel Boric Font pale pandan sesyon plene Some Dez Amerik la, Vandredi 10 Jyen 2022, nan Los Angeles.

Prezidan Chilyen an Gabriel Boric pran la pawol nan Somè Dèz Amerik la Vandredi kote li di li pa dako ditou ditou dèske administrasyon Biden nan ekskli Kiba, Venezyela ak Nikaragwa nan rankont rejyonal la.

"Nou vini pou diyaloge, pou koute e se poutèt sa mwen gen konviksyon pwofon, menm jan ak lot prezidan ki te presede mwen ki te mansyone ke pou somè sa a gen bon rezilta paka gen eksklizyon," Boric deklare.

"Li enpotan ke le nou pa dako... fok nou pale fas-a-fas," li ajoute.

Boric te souliyen enpotans rankont "anbisye" sou pwoteksyon anviwonman an, objektif ekonomik yap pousuiv ansanm, e li lonje dwèt sou peyi rich yo ki pa aji vit ase pou pwoteje anviwonman mondyal la.

"Peyi sou-devlope yo paka tann pou peyi rich yo, La Chin, End, Etazini, Ewop, pou yo deside monte nan machin karbon net la epi pwoteje anviwonman le mond antye," Boric deklare.

Prezidan Chilyen an lanse apel bay Komite Asistans Devlopman an (DAC) pou'l vize 0.7% richès yo pou kowoperasyon.

XS
SM
MD
LG