Accessibility links

Breaking News

Rankont ann Itali ant Anvwaye Espesyal Etazini ak Larisi sou Kriz Venezuela a

Anvwaye espesyal Etazini o Venezuela Elliott Abrams, agoch, administratè USAID a, Mark Green nan yon rankont sou relasyon Etazini ak Venezuela etap pou yon tranzisyon demokratik nan Capitol Hill, 7 mas 2019. (Foto: Brendan Smialowski / AFP)

Anvwaye espesyal Etazini pou Venezuela, Elliot Abrams, ak vis-minis afè etranjè Larisi, Sergei Ryabkov, ap fè reyinyon nan vil Wòm ann Itali pou yo pale sou “sityasyon Venezuela kap agrave.” Larisi ka repete pozisyon l ke yon entèvansyon militè Etazini nan Venezuela se ta yon bagay inakseptab.

Pou Larisi, Prezidan Venezuela Nicolas Maduro rete sèl lidè lejitim peyi a.

Otorite ris yo ka ensiste sou pwen sa a lè yo rankontre ak anvwaye espesyal Etazini pou Venezuela a nan Wòm jounen madi 19 e 20 mas 2019 la.

Prezidan pwovizwa a, Juan Guaido, nan tèt yon meeting de mas jedi 14 mas 2019 la nan Karakas, te demanti nouvel kòmkwa Larisi ak Lachin apiye prezidan Nicolas Maduro. Dapre Misey Guaido, 2 peyi sa yo ap defann sèlman enterè biznis yo ak Venezuela.

XS
SM
MD
LG