Accessibility links

Breaking News

Venezuela Politik: Maduro Ap Fè Gwo Chanjman nan Kabinè Ministeryèl la


Vis Prezidan Venezuela a, Delcy Rodriguez, ki t ap anonse gwo chanjman nan kabinè ministeryèl la dimanch 17 mas 2019 la depi palè nasyona la, Palè Miaflores.
Vis Prezidan Venezuela a, Delcy Rodriguez, ki t ap anonse gwo chanjman nan kabinè ministeryèl la dimanch 17 mas 2019 la depi palè nasyona la, Palè Miaflores.

Nan Venezuela, prezidan konteste a, Nicolàs Maduro, mande tout manm kabinè ministeryèl la bay demisyon yo epi rete tann pou yo konnen si y ap rekondui yo nan pòs yo oubyen revoke yo nèt. Rejim nan anonse desizyon sa a nan jounen dimanch 17 mas 2019 la nan kad yon gwo mouvman refòm nan kabinè a.

Prezidan konteste a pran desizyon an nan moman peyi a ap leve anba yon gwo kokenn blackout pwolonje. Se vis-prezidan venezuelyen an, Delcy Rodriguez, ki bay nouvèl la sou kont twitter li.

Daprè Madam Rodriguez, rejim nan pran desizyon an pou l kapab reyalize sa li rele "yon restriktirasyon an pwofondè nan metòd fonksyonnman gouvènman an." Vis-prezidan Rodriguez ajoute pou fini:

"Avèk desizyon sa a, otorite an plas yo ap chache pwoteje Patri Simòn Bolivar ak Hugo Chàvez la kont nenpòt ki menas."

XS
SM
MD
LG