Accessibility links

Breaking News

Venezuela-Kriz Imanitè: Dezakò sou Antre Ed Ameriken nan Peyi a


Lidè opozisyon an nan Venezuela, Juan Guaidò, nan yon meeting popilè madi 12 fevriye 2019 la.
Lidè opozisyon an nan Venezuela, Juan Guaidò, nan yon meeting popilè madi 12 fevriye 2019 la.

Nan Venezuela, lidè opozisyon an, Juan Guaidò, deklare asistans imanitè byen kapab antre nan peyi a nan dat 23 fevriye pwochen an, menm si Prezidan Nicolàs Maduro refize kite èd sa a antre.

Misye Guaidò –ki jwenn rekonesans Lèzetazini avèk plis pase 50 lòt peyi kòm Prezidan Pwovizwa- pran lapawòl madi 12 fevireye devan yon foul plizyè milye fantik ki t ap manifeste nan kad yon kanpay san pran souf pou yo eseye fè lame sispann apiye Misye Maduro epi fòse lidè sosyalis la kite pouvwa a.

Se pa jodi a Misye Guaidò ap fè presyon pou asistans imanitè ak medikaman k ap sòti Ozetazini antre nan yon peyi k ap viv yon gwo dezas ekonomik. Kagezon pwovizyon sa yo twouve yo nan yon depo nan vil Cucuta, sou fwontyè ki separe Venezuela ak Kolonbi a, men sou tèritwa kolonbyen an.

Nicolàs Maduro ki t ap asiste yon egzèsis militè nan vil Charallave, o Venezuela, dimanch 10 fevriye 2019. (Foto: Miraflores Palace/Handout via Reuters).
Nicolàs Maduro ki t ap asiste yon egzèsis militè nan vil Charallave, o Venezuela, dimanch 10 fevriye 2019. (Foto: Miraflores Palace/Handout via Reuters).

Nicolàs Maduro, ki kontinye benefisye apui yon lame ki puisan anpil nan peyi a, fè konnen seri manifestasyon opozisyon an ap mete sou pye yo fè pati yon tantativ koudeta Lèzetazini prepare e li refize kite asistans dijans antre nan Venezuela.

Lendi 11 fevriye a, nan lasware, minis afè etranjè li a, Jorge Arreaza, te rankontre avèk Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Antonio Guterres, nan New York. Dirijan l’ONU an ofri tou lè 2 pati yo bon sèvis li pou l ede yo sòti nan enpas kote yo bloke a.

XS
SM
MD
LG