Accessibility links

Breaking News

Larisi ak Lèzetazini Prann Pozisyon Depaman sou Sitiyasyon an nan Venezuela


Manifestan venezuelyen ki pran lari nan Karakas.
Manifestan venezuelyen ki pran lari nan Karakas.

Nan Moskou, kapital Larisi, otorite yo nan Krèmlen an ak responsab medya leta yo prezante Prezidan Venezuela a, Nicolas Maduro, kòm “lidè lejitim peyi a”, memsi Lèzetazini plis yon bann ak yon pakòt lòt peyi konsidere li se yon lidè ilejitim e yo pote apui yo bay Prezidan Asanbe Nasyonal la, Juan Guaido, kòm prezidan lejitim.

Medya leta ris yo di yo konsidere manifestasyon anti-Maduro k ap dewoule nan lari Karakas yo kòm yon montaj ekstremis ki fèt sou enfliyans Lèzetazini. Sepandan nouvèl ki sòti Venezuela pou pale de mouvman leve-kanpe a fè wè se askyon yon pèp dezespere aprè dè zane kote ekonomi an pa sispann deteryore anba yon rejim ki plen ak koripsyon e ki mal jere zafè peyi a.

Gouvènman ris la ak obsevatè ki apiye pozisyon Krèmlen an konpare mouvman leve-kanpe yo nan Venezuela avèk mouvman rebelyon ki te dewoule nan peyi Libi ak Ikrèn yo e yo akize Lèzetazini deske l ap fè “yon lòt tantitve pou l renvèse yon gouvènman ki pa zanmi li.” Se pozisyon Sergei Lavrov, minis afè etranjè Larisi a ki di:

Sergei Lavrov, chèf diplomasi Peyi Larisi.
Sergei Lavrov, chèf diplomasi Peyi Larisi.

"Lèzetazini kontinye ap sobote gouvènman li konsidere kòm endezirab. Sa, se youn nan pwiyorite li nan Amerik Latin nan e nan lòt rejyon atravè lemond."

Aprè Krèmlen an fin envesti plizyè milya dola nan Venezuela, li kontinye apiye rejim Maduro a pandan li akize Lèzetazini deske l ap fè sitiyasyon an vin pi konplike nan peyi sid-ameriken an, e lidè yo nan Moskou di manifestan ki pran lari yo se yon bann ektremis. Men, sa pa konsa youn nan manifestan yo, ki abite Karakas, wè bagay yo; li fè konnen:

"Nan Venezuela pa gen vyann. Tout vyann disparèt depi Leta te pibliye yon lwa sou kontwòl pri yo."

Yon lòt manifestan, ki rele Elizabeth li menm, di:

"Se yon bagay moun pa t janm wè anvan nan Venezuela. Moun pa t janm wè sa a, e sitiyasyon an ap vin pi mal chak jou. N ap manje mwatye nan manje nou abitye manje."

Miss Elizabeth pale konsa pandan Ivàn Duque, Prezidan Kolonbi a, yon peyi vwazen Venezuela, t ap vizite Washington kote li rankontre avèk Prezidan Donald Trump. Apre somè sa a, Misye Duque di laprès Bogota dispoze pote konkou l nan efò k ap fèt pou jwenn yon solisyon pou kriz la nan Venezuela. Lidè konlonbyen an deklare:

Prezidan kolonbyen an, Iván Duque (Agoch), ki t ap rankontre avèk Prezidan ameriken an, Donald Trump nan La Mezon Blanch mèkredi 13 fevriye 2019 la
Prezidan kolonbyen an, Iván Duque (Agoch), ki t ap rankontre avèk Prezidan ameriken an, Donald Trump nan La Mezon Blanch mèkredi 13 fevriye 2019 la

"Si gen yon bagay nou ta dwe mete aksan sou li Jodi a, sè ke nou pataje menm prensip demokratik yo e nou vle travay ansanm pou n mete yon fen nan diktati k ap sakaje pèp venezuelyen an. Mwen kontan wè blokis diplomatik la ap travay byen, pi byen ke jamè anvan sa. Mwen panse egzistans diktati a preske rive nan bout li e nou dwe kontinye travay nan menm sans la."

Nan Washington La Mezon Blanch anonse Prezidan Donald Trump pral abòde dosye Venezuela a nan yon diskou li pral fè lendi pwochen nan Inivèsite Entènasyonal Florid la nan Miami. Inivèsite sa a sitiye nan yon katye kote nou jwenn pi gwo konsantrasyon sitwayen venezuelyen Ozetazini.

XS
SM
MD
LG