Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Ameriken an Mike Pence Ap Vizite Kolonbi


Vis Prezidan Mike Pence rive nan Kolonbi
Vis Prezidan Mike Pence rive nan Kolonbi

Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, rive nan Bogota, kapital Kolonbi, kote li gen pou l rankontre avèk prezidan pwovizwa venezuelyen ke Lèzetazini rekonèt, Juan Guaido; ansuit li gen pou l pwononse yon diskou devan reprezantan Gwoup Lima a sou kriz k ap devlope nan Venezuela a.

Misye Pence ak lidè rejyonal yo gen pou yo diskite sou yon strateji pou akselere depa prezidan konteste Venezuela a, Nicolàs Maduro, ak fason pou yo fè asistans imanitè antre nan Venezuela. Asistans sa a rasanble sou fwontyè peyi a ak Kolonbi e Brezil, alòske pwovizyon sa yo (manje ak medikaman) se bagay ki ra anpil nan Venezuela.

Nan yon deklarasyon yon ofisyèl administrasyon Trump la fè pou laprès, li di entansyon Lèzetazini se itilize tout pwa ekonomik e diplomatik li pou l jere dosye Venezuelyen an; epi, nan diskou Misye Pence la, li pral bay “kèk egzanp konkrè k ap montre kisa sa vle di.”

Vis-Prezidan ameriken an gen pou l rankontre ak Misye Guaido e avèk prezidan kolonbyen an, Ivan Duque, anvan li fè diskou li a. Se konsa tou, pwogram vizit Misye Pence la prevwa li pral rankontre avèk kèk egzile venezuelyen e ak fanmi yo, anvan li retounen Washington.

XS
SM
MD
LG