Accessibility links

Breaking News

Nicolas Maduro di Washington Vle Fè yon Lagè Pete nan Amerik di Sid la


NIcolàs Maduro (adwat), epi lidè opozisyon an Juan Guaido
NIcolàs Maduro (adwat), epi lidè opozisyon an Juan Guaido

Nan Venezuela, Prezidan Nicolàs Maduro akize Lèzetazini deske l ap eseye kreye yon kriz avèk tout bòn volonte pou l fè yon lagè eklate nan rejyon an.

Nan yon entèvyou Misye Maduro bay chèn televizyon amerikèn ABC nan palè prezidansyèl la nan Karakas, li deklare:

“Yo ap eseye fabrike yon kriz pou yo jistifye yon deteryorasyon politik ak yon entèvansyon militè nan Venezuela yon fason pou yo fè yon lagè pete nan Amerik di Sid la.”

Nan jounen lendi 25 fevriye a, Vis Prezidan ameriken an, Mike pence, te anonse yon ogmantasyon nan èd imanitè a pou Venezuela –yon ogmantasyon k ap monte rive 56 milyon dola. Misye Pence te pale konsa pandan li t ap rankontre ak lidè opozisyon venezuelyen an, Juan Guaido, ak lòt reprezantan Gwoup Lima a, yon antite entè-gouvènmantal ki la pou chache jwenn solisyon pou kriz la nan peyi sid-ameriken an.

Vis Prezidan Mike Pence (mitan) avèk Vis Minis Afè Etranjè Kolonbi a, Luz Stella Jara, ki te ekeyi Misye Pence lè l te rive nan Bogota lendi 25 fevriye 2019 la.
Vis Prezidan Mike Pence (mitan) avèk Vis Minis Afè Etranjè Kolonbi a, Luz Stella Jara, ki te ekeyi Misye Pence lè l te rive nan Bogota lendi 25 fevriye 2019 la.

Misye Pence te anonse sanksyon kont gouvènè 4 eta venezuelyen ki apiye Maduro e li te di Lèzetazini pral enpoze “plis sanksyon toujou” sou “tout rezo finansye kowonpi gouvènman Maduro a.”

Nicolàs Maduro di li konsidere rankont Bogota a kòm yon pati nan efò k ap kontinye fèt pou tabli yon “gouvènman paralèl nan Venezuela” yon fason pou Lèzetazini kapab mete men sou gwo rezèv petwòl peyi a.

XS
SM
MD
LG