Accessibility links

Breaking News

Lidè opozisyon an nan Venezuela, Juan Guaidò, retounen Karakas


Juan Guaidò ki te pran lapawòl devan foul moun ki te vin manifeste apui yo pou li. ( Photo AP/Fernando Llano).
Juan Guaidò ki te pran lapawòl devan foul moun ki te vin manifeste apui yo pou li. ( Photo AP/Fernando Llano).

Lidè opozisyon an nan Venezuela, Juan Guaidò, ki jwenn rekonesans Lèzetazini kòm prezidan pwovizwa peyi li, debake nan ayewopò Karakas la lendi 4 mas 2019 la nan mitan manifestasyon ki t ap fèt pou apiye li. Misye Guaidò te anonse retou li sou Twitter kote li te di patizan li yo li te deja pase imigrasyon nan yon ayewopò ki nan peyi li “renmen anpil” la.
{{https://twitter.com/jguaido/status/1102605307501518849}}

Anvan prezidan pwovizwa a te mete fen nan yon toune li t ap fè nan peyi alye li yo nan Amerik Latin nan, li te lanse yon apèl bay sitwayen venezuelyen yo lendi 4 mas la pou li mande yo rasanbe atravè tout peyi a pou yo montre apui yo pou li. Mesaj sa a te di:

“Jodi sila a, a 11 zè di maten, nou pral pran beton an ankò.” Mesaj la te vini avèk yon lis ki te gen sou li lye-randevou pou rasanbleman nan anviwon yon douzèn vil atravè peyi a.

https://twitter.com/jguaido/status/1102562594471268352 ]]

Juan Guaido ki t ap pale ak laprès nan Ayewopò Entènasyonal Simòn Bolivar la nan Karakas, aprè retou li nan Venezuela lendi 4 mas 2019 la.
Juan Guaido ki t ap pale ak laprès nan Ayewopò Entènasyonal Simòn Bolivar la nan Karakas, aprè retou li nan Venezuela lendi 4 mas 2019 la.

Juan Guaido te kite vil Salinas, sou kòt pasifik peyi Ekwatè, abò yon avyon militè aprè yon rankont avèk prezidan ekwatoryen an, Lenin Moreno. Anvan retou a, Misye Guaidò te di li te atann li aske yo arete l lè ta rive Venezuela.

Konseye La Mezon Blanch pou Sekirite Nasyonal la, John Bolton, ki t ap abòde sitiyasyon an lendi 4 mas la, te di nenpòt ki menas ki ta materyalize sou sekirite Juan Guaidò lè l ta rive Venezuela, “t ap pwovoke yon reyaksyon dyanm e enpòtan bò kote Lèzetazini avèk kominote entènasyonal la.”

XS
SM
MD
LG