Accessibility links

Breaking News
Azi

Prezidan Taiwan Demisyonnen Kòm Lidè Pati ki O Pouvwa a Apre Echèk li Sibi nan Eleksyon


Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen anonse demisyon li kom direktris pati Demokrat Pwogresis la nan Taipei, Taiwan, Samdi 26 Nov. 2022.
Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen anonse demisyon li kom direktris pati Demokrat Pwogresis la nan Taipei, Taiwan, Samdi 26 Nov. 2022.

Prezidan Taiwan nan, Tsai Ing-wen bay demisyon ni kòm dirijan pati Demokrat Pwogresis ki o pouvwa a apre echèk pati a sibi nan eleksyon lokal yo.

Tsai ofri demisyon ni Samdi swa, ki se yon tradisyon yo respekte nan peyi Taiwan apre yon gwo echèk nan eleksyon. Li te bay yon diskou brèf kote li remèsye patizan yo. Tsai di li aksepte responsabilite pou echèk elektoral la paske se limenm ki te chwazi kandida pou eleksyon Samdi a.

Elektè Taiwan chwazi pou apiye ak fòs pati opozisyon Nasyonalis la.

Chiang Wan-an, kandida pati Nasyonalis la pou majistra, ranpòte eleksyon an nan yon kous moun tap swiv de pre. Li pral nouvo majistra vil Taipei, kapital peyi a.

Moun Taiwan toujou gen kè sote pa rapò ak menas rival li, Lachin, ki deklare Taiwan se teritwa pa li. Sepandan kè sote sa yo pat reprezante prensipal kestyon ki te enterese elektè yo nan eleksyon sa a.

XS
SM
MD
LG