Accessibility links

Breaking News
Azi

Taiwan ap Ede Ayiti Achte Jilè Pa Bal pou Polis Nasyonal la


Manifestan joure ofisye Polis Nasyonal Ayiti nan Potoprens, 17 Oktob, 2022.
Manifestan joure ofisye Polis Nasyonal Ayiti nan Potoprens, 17 Oktob, 2022.

Taiwan ap ede Ayiti achte jilè pa-bal ak lot ekipman pwotektif pou Polis Nasyonal la ki fabrike nan Taiwan. Se Ministè Afè Etranjè zile a ki anonse nouvel la Madi, nan moman ensekirite a an Ayiti ap vin pi grav.

Ayiti ap fè fas ak yon rate gaz ekstrèm akoz gang yo bloke prensipal tèminal petwol peyi a pou fose Premye Minis Ariel Henry bay demisyon ni. Rezilta a se ke aktivite ekonomik yo sispann e anpil lopital oblije fèmen pòt yo.

Ayiti se youn pami 14 peyi sèlman ki gen relasyon diplomatik ofisyèl ak Taiwan, ke Lachin reklame kòm teritwa pa li.

Ministè Afè Etranjè Taiwan di gouvènman an ap ede gouvènman Ayisyen an achte ekipman pou pwoteje polisye yo tankou pa egzanp jilè pa bal ke konpayi Taiwanèz yo fabrike.

Pòt pawòl ministè a, Joanne Ou di asistans la gen kom objektif: " pou amelyore kapasite lapolis Ayisyen genyen pou'l fè travay li epi reponn apèl kominote entènasyonal la ak peyi alye yo pou amelyore sekirite piblik la an Ayiti."

XS
SM
MD
LG