Accessibility links

Breaking News

Xi Jinping Pat Pale de Etazini nan 20èm Kongrè Nasyonal Pati Kominis la


Lidè Pati Kominis chinwa a Xi Jinping pat pale de Etazini nan 20èm Kongrè Nasyonal pati a semèn sa-a. Men mesaj li te klè: Peken pwal redi menm sa li te di deja fas ak menas loksidan yo, tankou sa yo ki konsène Taiwan.

Kongrè Etazini an ap konsidere Lwa sou Politik Taiwan, yon pwojè-lwa ki vle ranfose kapasite militè Taiwan pou li ka defann tèt li si LaChin anvayi l. LaChin k ap gouvène tèt-li konsidere li kom yon pwovens rebel.

XS
SM
MD
LG