Accessibility links

Breaking News

Lachin: Xi Lanse Apèl pou Plis Kwasans Militè nan Ouvèti Kongrè Pati Kominis la


Prezidan Chinwa Xi Jinping salye politisyen yo nan seremoni ouveti 20em Kongre Nasyonal pati ki o pouvwa nan Lachin - an palan de Pati Kominis la nan Peken, Dimanch 16 Oktob, 2022.
Prezidan Chinwa Xi Jinping salye politisyen yo nan seremoni ouveti 20em Kongre Nasyonal pati ki o pouvwa nan Lachin - an palan de Pati Kominis la nan Peken, Dimanch 16 Oktob, 2022.

Prezidan Chinwa Xi Jinping lanse apèl pou devlopman militè rapid, e li anonse pap gen okenn chanjman nan politik peyi a ki lakoz relasyon ak Washington pa bon. Misye ranfose pouvwa pati Kominis la tou sou sosyete a ak ekonomi a.

Xi, ki se pèsonaj ki gen plis enfliyans nan Lachin depi plizyè dizèn lane, te pran la pawòl pandan yon rankont pati Kominis la Dimanch. Konpayi yo ak gouvènman etranje ansanm ak pèp Chinwa a ap veye siy avni ekonomik ak politik peyi a.

Rankont la dewoule nan moman Peken ap fè fas ak pwoblèm ekonomik epi tansyon nan relasyon ni ak Etazini epitou vwazen li yo an Azi sou kestyon komès, teknoloji ak sekirite.

Kongrè a pral enstale lidè ki va dirije pandan pwochen 5 lane yo.

Obsèvatè yo atann yo aske Xi, ki gen 69 an, vag sou tradisyon epi akòde tèt li yon twazyèm manda5 an, kòm lidè Pati Kominis la.

XS
SM
MD
LG