Accessibility links

Breaking News

Larisi ak Lachin ap Fè Egzèsis Militè Nan Moman 2 Peyi Nan Kriz Diplomatik ak Lèzetazini


Egzèsis sa yo rele Vostok-2022 (Oriyan-2022), yo gen pou dire jiska 7 septanm. Aktivite militè sa yo vini nan yon moman Moskou ap mennen yon gwo operasyon militè kont Ikrèn depi fevriye.

Lachin, bò kote pa l, ap travèse yon kriz diplomatik ak Lèzetazini apre vizit prezidan Chanm depite Ameriken an, Nancy Pelosi, nan Taiwan mwa pase a.

Ministè Defans Ris la te di ke egzèsis Vostok-2022 yo te kòmanse Jedi maten ak sa ki gen ladann mannèv avyon de konba, mouvman inite anti-avyon.

Ministè a te di "Ekipaj avyasyon konba yo pral bezwen antrene nan entèsepsyon sib ki ap soti anlè yo... epi antrenman sou kòman pou atak depi nan avyon sou sou sib ki sou tè, tankou bilding ect..".

Ris yo te pibliye foto ak videyo ki montre avyon militè yo ki tap dekole. Nan videyo sa tou nou te wè machin anti-avyon Pantsir-S1 yo.

Dapre Moskou, plis pase 50,000 sòlda, pral patisipe nan egzèsis sa yo.

Sòlda ki soti nan plizyè peyi fwontalye oswa peyi ki se alye Larisi, tankou Byelorisi, Siri, peyi Zend, men sitou Lachin.

Washington enkyete sou rapwochman Lachin ak Larisi, e li di rapwochman sa a mete an danje sekirite mondyal la.

Lè Lachin te konfime patisipasyon li nan egzèsis yo nan mitan mwa Out, Peken te afime ke prezans li "pa gen rapò ak sitiyasyon aktyèl la nan nivo rejyonal ak entènasyonal".

XS
SM
MD
LG