Accessibility links

Breaking News
Azi

Gouvènè Eta Indiana Vizite Taiwan


Taiwan US
Taiwan US

Eric Holcomb ki se Gouvènè Repibliken nan eta Indiana kòmanse yon seri vizit nan Taiwan.

Vizit sa a rive apre 2 seri politisyen ameriken te deside vizite zile a. Vizit sa yo te lakoz Peken fè gwo egzèsis militè, ki te bay anpil kè sote nan rejyon an.

Gouvènè Eric Holcomb pral konsantre sou echanj ekonomik, an patikilye dosye ki gen rapò ak "semi-kondikte", epi li rankontre ak Prezidan Taiwanèz la Tsai Ing-wen.

Vizit li a rive nan yon moman patikilyèman kote tansyon ant Etazini Taiwan, ak Lachin te monte anpil, apre Prezidan Chanm depite a, Nancy Pelosi te vizite zile a nan kòmansman mwa sa a.

Lachin reklame Taiwan kòm pwòp teritwa li epi li konsidere nenpòt echanj ak gouvènman etranje kòm yon vyolasyon.

An repons a vizit Pelosi a, militè Chinwa yo te fè egzèsis ki te gen ladann lansman misil sou zile a ak navigasyon bato de gè atravè kanal Taiwan lan.

XS
SM
MD
LG