Accessibility links

Breaking News

Obama, Colbert Pami 500 Ameriken Larisi Entèdi Vwayaje Lakay li


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Barack Obama
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Barack Obama

Pou reponn nouvo seri sanksyon Etazini enpoze kont li, Larisi anonse li entèdi 500 Ameriken antre lakay li. Pami yo gen ansyen Prezidan Barack Obama ak komedyen Stephen Colbert.

Lis la, ke ministè afè etranje pibliye Vandredi pa bay okenn presizyon sou pwoblèm Larisi genyen ak moun sa yo. Sepandan ministè a di ofans ke li konsidere se Rusofobi, founisay zam ak Ikrèn epi "responsab ki mele dirèkreman nan pèsekisyon militan apre swadizan 'atak Capitol la".

Entèdiksyon an vize tou 45 manm Chanm Depite Etazini, Senatè JD Vance, Katie Britt ak Eric Schmitt, epi 2 ansyen anbasadè Etazini nan Larisi.

Ministè a di li rejte yon demann Etazini fè pou aksè ak jounalis Wall Street Evan Gershkovich, ki fèmen nan prizon.

XS
SM
MD
LG