Accessibility links

Breaking News

Lidè Ewopeyen yo rankontre pou diskite sou fason pou rann Larisi responsab pou lagè li lanse nan Ikrèn


Ukraine's President Volodymyr Zelenskyy (C) talks after being awarded the Charlemagne Prize, in Aachen, Germany, May 14, 2023.
Ukraine's President Volodymyr Zelenskyy (C) talks after being awarded the Charlemagne Prize, in Aachen, Germany, May 14, 2023.

Lidè yo nan Inyon Ewòp la rankontre pou yon dezyèm jou Mèkredi 17 Me a nan yon reyinyon Konsèy Ewòp la (CoE) nan Reykjavik pou diskite sou fason yo ta dwe rann Larisi responsab pou lagè li lanse kay vwazen li Ikrèn.

Madi 16 Me, Chanselye Alman Olaf Scholz, Prezidan fransè Emmanuel Macron ak Premye Minis Grann Bretay Rishi Sunak te pami moun ki montre sipò yo pou Ikrèn.

Nan nouvo rankont sa yo, yo devwale yon nouvo Rejis Dega, ki se yon sistèm pou kolekte dega yo epi rasanble prèv ak reklamasyon pou domaj, pèt ak moun ki blese akòz envazyon LaRisi nan Ikrèn nan.

Reyinyon an te chèche tou abòde lòt pwoblèm, tankou sitiyasyon plizyè milye timoun ke Larisi te pote ale lakay li oswa nan teritwa ke li anekse yo nan Ikrèn depi nan koumansman lagè a, nan sa Kyiv ak alye li yo kondane kòm depòtasyon ilegal.

XS
SM
MD
LG