Accessibility links

Breaking News

Larisi di li Elimine yon Misil "Storm Shadow" Ke Wayòm Ini Voye Bay Ikrèn


This video grab taken from a handout footage released by the Russian Defence Ministry on April 23, 2022, shows Russian Defense Ministry spokesman Major General Igor Konashenkov holding a briefing.
This video grab taken from a handout footage released by the Russian Defence Ministry on April 23, 2022, shows Russian Defense Ministry spokesman Major General Igor Konashenkov holding a briefing.

Pòtpawòl Ministè Defans Ris la Igor Konashenkov fè konnen ke fòs ris yo entèsepte e elimine yon misil ki rele "Storm Shadow" ke Lond te bay Ikrèn. Aksyon sa fèt jis kèk jou apre Lond te anonse livrezon zam sa yo pou fòs Kyèv yo.

Igor Konashenkov te deklare "Pandan dènye 24 èdtan ki sot pase la yo , sistèm defans aeryen nou yo entèsepte 7 misil anti-rada HARM, yon misil kwazyè alontèm Storm Shadow ak 10 lans fize miltip HIMARS ".

Ministè a te di ke li te desann e elime plizyè materyèl ke peyi lwès yo te founi Ikrèn.

XS
SM
MD
LG