Accessibility links

Breaking News

Etazini di Afrik Disid Bay Larisi Zam


FILE - The Russian vessel Lady R is docked at the Simon's Town Naval Base near Cape Town, South Africa, Dec. 8, 2022.
FILE - The Russian vessel Lady R is docked at the Simon's Town Naval Base near Cape Town, South Africa, Dec. 8, 2022.

Yon bato Ris ki nan mitan gwo diskisyon apre Etazini te akize Afrik Disid kòmkwa li te bay Larisi zam ane pase, ajans nouvèl Reuters moutre video kote li te filme bato sa a 3 fwa ane sa a.

Dènye videyo yo montre yon bato Afrik di Sid ki rele Lady R ki pote dat vandredi 12 Me. Reuters te deja gen videyo sou bato sa ki gen dat 11 Avril ak 28 Avril.

Anbasadè ameriken nan Afrik di sid, Reuben Brigety, te di jedi 11 Me ke Washington gen konfyans ke yon bato Ris te al dèyè zam ak minisyon nan Afrik di sid nan mwa Desanm nan.

Minis ki prezide Komite Nasyonal Kontwòl Zam Konvansyonèl nan peyi a, Mondli Gungubele, di estasyon radyo lokal 702 ke peyi a pa apwouve okenn chajman zam pou Larisi.

Biwo Prezidan Sid Afriken Cyril Ramaphosa te di Jedi ke gouvènman li a ta pral louvri yon ankèt anba direksyon yon jij retrete sou akizasyon an ke yo te voye zam nan Larisi.

XS
SM
MD
LG