Accessibility links

Breaking News

Larisi dakò pou pwolonje kontra Sereyal la ak Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/GRAINS
UKRAINE-CRISIS/GRAINS

ANKARA, Turkey (AP) — Prezidan peyi Tiki, Recep Tayyip Erdogan, di Larisi dakò pou l pwolonje yon akò ki te pèmèt Ikrèn kontinye travèse lanmè Nwa a ak sereyal ke li ap transpòte ale nan plizyè pati nan mond lan ki ap lite ak pwoblèm grangou.

Erdogan di Mèkredi ke kontra a ap pwolonje pou 2 mwa.

Akò sa ke Nasyonzini ak Latiki te jwenn nan sezon ete pase a te vini ansanm ak yon lòt akò pou fasilite chajman manje ak angrè Ris ke Moskou ensiste pou di kòmkwa yo pa janm respekte.

Larisi fikse yon delè Jedi pou wè si enkyetid li yo ap rezoud oswa li menase pou li kraze akò a ankò.

Erdogan pa t bay detay imedyatman sou avantaj ke akò a ta sede bay Larisi.

XS
SM
MD
LG